Poukisa yon transfè soti sou MonaPay ka pa rive touswit?
Lè ou fè yon transfè soti sou MonaPay pou voye lajan sou yon lòt platfòm oswa sèvis, gen kèk sitiyasyon kote lajan an ka pran plis tan anvan li rive.
📌 Tan pwosesis la ka rive jiska 2 jou ouvrab.
Jou ouvrab se jou ki gen travay, anjeneral Lendi rive Vandredi, san konte wikenn ak jou ferye.
Men prensipal rezon ki ka lakòz reta nan yon transfè.
1. Enfòmasyon transfè a pa kòrèk
Si gen yon erè nan enfòmasyon yo, transfè a ka pa trete nòmalman.
Sa ka rive si gen erè nan:
- Nimewo kont oswa ID benefisyè a
- Non moun k ap resevwa lajan an
- Non bank oswa sèvis destinasyon an
Nan sitiyasyon sa yo, transfè a ka:
- Mete an atant (pending)
- Rete an verifikasyon
- Pa apwouve
Si transfè a pa apwouve, lajan an ap retounen (refund) otomatikman sou kont MonaPay ou.
2. Pwoblèm sou kont k ap resevwa lajan an
Pafwa reta a pa soti nan MonaPay men sou kont ki ap resevwa lajan an.
Pa egzanp:
- Kont lan limite oswa bloke
- Kont lan pa verifye (KYC pa fini)
- Kont lan pa aksepte kalite transfè sa
Nan ka sa yo, transfè a ka pran plis tan pou trete.
Si li pa kapab finalize, lajan an ap retounen sou kont MonaPay ou.
3. Pwoblèm teknik oswa pwosesis sou lòt platfòm lan
Menm si MonaPay voye transfè a rapid, lòt sèvis la ka gen:
- Antretyen sistèm (maintenance)
- Ralantisman teknik
- Pwosesis entèn ki pran plis tan
- Verifikasyon sekirite sou tranzaksyon yo
Sa ka lakoz yon reta ki pa depann dirèkteman de MonaPay.
4. Revizyon Sekirite
Pou pwoteje itilizatè yo ak platfòm lan, kèk transfè ka pase nan yon verifikasyon sekirite.
Sa ka rive si:
- Kantite lajan an wo
- Se premye fwa w ap voye sou kont sa
- Gen aktivite ki pa abityèl sou kont lan
Pwosesis sa fèt pou pwoteje kont ou ak lajan ou.
Rappel Enpòtan
⏳ Transfè yo ka pran jiska 2 jou ouvrab pou finalize.
Pa egzanp:
Si ou fè yon transfè Vandredi, li ka kòmanse konte apati Lendi, si pa gen jou ferye.
💰 Si transfè a pa apwouve oswa li pa kapab finalize, lajan an ap retounen (refund) otomatikman sou kont MonaPay ou.
📩 Si ou bezwen asistans, ou ka kontakte sèvis kliyan MonaPay.
MonaPay – Sekirite ak transparans nan chak tranzaksyon. 🚀
Updated on: 11/03/2026
Thank you!