Kijan pou fe depo sou kont MonaPay ou a ?
Pou w ka itilize tout sèvis MonaPay yo, ou bezwen gen lajan sou kont ou. Men etap senp pou fè yon depo sou kont MonaPay ou.
1. Konekte sou kont ou
- Louvri aplikasyon MonaPay la oswa ale sou sit la.
- Antre nimewo telefòn ou ak modpas ou pou konekte sou kont ou.
2. Klike sou bouton “Deposit”
- Lè ou nan Dashboard ou a, chèche bouton ki make Deposit.
- Klike sou li pou kòmanse pwosesis depo a.
3. Mete kantite lajan an
- Antre kantite lajan ou vle depoze sou kont ou.
- Chwazi metòd depo ou vle itilize.
4. Swiv pwosesis la
- Swiv enstriksyon yo jiskaske depo a finalize.
- Lè depo a reyisi, lajan an ap parèt dirèkteman sou kont ou.
Lòt fason pou fè depo
Ou ka fè depo tou:
- Nan men ajan otorize MonaPay yo
- Avèk MonCash (depo otomatik)
- Ak lòt metòd depo ki disponib sou aplikasyon an
MonaPay — Depoze fasil, itilize lajan ou nenpòt kote.
Updated on: 11/02/2026
Thank you!