Kijan pou kreye yon kat Mastercard MonaPay ?
Kat MonaPay la pèmèt ou peye fasil sou entènèt ak nan magazen, tout kote yo aksepte Mastercard. Men kijan pou w jwenn kat ou a.
1. Kreye yon kont MonaPay
Pou w ka jwenn kat MonaPay la, ou dwe genyen yon kont MonaPay anvan.
Si ou gen yon telefòn Android, telechaje aplikasyon an sou Play Store:
https://play.google.com/store/apps/details?id=com.monapay.monapay&pcampaignid=web_share
Si ou gen iPhone, ale dirèk sou sit la: monapay.net pou kreye kont ou.
2. Verifye idantite ou
Pou aktive kont ou, ou dwe bay:
Yon pyès idantite ki valab, tankou:
- Paspò
- Kat idantite nasyonal
San verifikasyon sa a, ou pap ka itilize sèvis la.
3. Kòmande kat ou
Lè kont ou fin verifye:
- Ou ka mande yon kat Mastercard vityèl pou peye sou entènèt.
- Ou ka mande yon kat Mastercard fizik pou retrè ak peman nan magazen.
Enfòmasyon sou kat la
- Kat la valab pandan 3 an.
- Ou ka achte oswa peye tout kote yo aksepte Mastercard, sou entènèt oswa nan magazen.
MonaPay — Kat ou, libète ou pou peye.
Updated on: 11/02/2026
Thank you!